Responsab lokal yo nan komin Mibalè ap pran dispozisyon pou resevwa yon kontenjan anviwon 800 militè ki soti nan peyi Kotdivwa, nan kad deplwaman fòs sa yo ann Ayiti pou ranfòse batay kont gang ame yo. Jedi 19 novanm 2026 la, ajan egzekitif enterimè Mibalè a, Lochard Laguerre, te akonpaye yon delegasyon Fòs pou Represyon Gang yo (FRG) nan yon vizit enspeksyon sou yon teren ki prevwa sèvi kòm baz militè pou twoup ivwaryen yo.
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, premye militè ivwaryen yo ta dwe rive an Ayiti 23 novanm 2026.













