Camelita Noël, alyas Liline, jwenn arestasyon l nan aswè yè jedi 19 novanm 2026 la, nan komin Gwo Mòn, depatman Latibonit. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, li se prezime madanm yon chèf gang yo konnen sou non Shelo. Aprè arestasyon an, fanm nan te rete anba kontwòl lapolis. Pandan yon foul moun te rasanble devan komisarya a, kote kèk moun ta vle pran li anba men ajan yo pou fè sa yo rele bwa kale sou li.
Pou kounye a, poko gen detay sou akizasyon ki ta ka peze sou Camelita Noël ni sou mezi lajistis ta ka pran nan kad dosye sa a













