Ministè Defans anonse yon chanjman nan inifòm Fòs Ame d Ayiti. Enfòmasyon sa a parèt nan yon kominike ofisyèl enstitisyon an pibliye, kote li fè konnen militè ayisyen yo pral genyen nouvo inifòm. Nouvo ekipman sa a deja kòmanse parèt sou militè FAd’H yo nan lari a.
Chanjman sa a antre nan kad renouvèlman imaj enstitisyon militè a, pandan fòs lame peyi a ap kontinye ranpli misyon li nan defans entegrite teritwa nasyonal la ak pwoteksyon souverènte Ayiti.













