Kandida pou prezidan Ayiti a, Wilner Joseph, ap defann yon nouvo apwòch nan relasyon diplomatik ant Ayiti ak Sen Domeng, ki chita sou dyalòg, rekonsilyasyon ak koperasyon ekonomik. Vizyon sa a parèt nan liv li pibliye a, ki pote tit La apuesta por el diálogo, yon dokiman ki prezante kòm youn nan baz pwogram gouvènman li. Nan yon atik jounal dominiken Listín Diario mete aksan sou eksperyans Wilner Joseph nan relasyon ant de peyi yo, sitou li te sèvi kòm minis konseye nan Anbasad Ayiti nan St Domeng. Jounal la raple eksperyans sa a ba li yon konesans sou reyalite ak enterè dominiken yo.
Nan pwopozisyon li yo, Wilner Joseph mete aksan sou nesesite pou Ayisyen rekonsilye youn ak lòt pou retabli estabilite sosyal epi elimine vyolans gang ame yo.













