Etazini anonse yon envestisman 175.8 milyon dola ameriken pou devlope ak ranfòse enfrastrikti kominikasyon dijital nan Karayib la ak Amerik Santral. Sekretè d Eta Adjwen ameriken an, Christopher Landau, fè anons sa a jedi 15 oktòb 2026, pandan Dyalòg Etazini-Karayib la ki te dewoule nan Washington. Daprè enfòmasyon Depatman d Eta ameriken an pibliye, finansman sa a antre nan kad yon pwogram ki vize devlopman kab soumaren pou bay koneksyon entènèt gwo vitès epi rann rezo kominikasyon yo pi solid ak pi an sekirite.
Otorite ameriken yo poko bay detay sou kantite lajan ki pral disponib pou chak peyi, ni sou kalandriye egzekisyon pwojè yo.













