Malgre gang yo kontinye ap vale tèren, Konsèy Sekirite Nasyonzini an deside pwolonje manda Fòs Represyon Gang yo (FRG) pou yon lòt 6 mwa. Desizyon sa a ki pran madi 29 septanm 2026 la ap pèmèt fòs la kontinye misyon li an Ayiti jouk 31 mas 2027. Pwolongasyon an te apwouve pandan yon reyinyon Konsèy […]Lire plus...
Nan kad pwosè Christian Emmanuel Sanon ki lanse ayè lendi 28 septanm nan 2026 la, avoka k ap defann akize a mande pou yo gen prezans pwofesè ak istoryen Michel Soukar kòm temwen nan tribinal la nan Miami. Kesyon ki rete nan tèt tout moun kounye a, poukisa se Michel Soukar defansè Sanon yo mande […]Lire plus...
Pwosè Christian Emmanuel Sanon, youn nan moun ki akize nan dosye asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, kòmanse lendi 28 septanm sa a devan yon tribinal federal nan Miami. Nan premye prezantasyon yo devan jiri a, pwokirè ameriken yo soutni Sanon te jwe yon wòl nan preparasyon operasyon an, sitou nan ranmase lajan, rekrite moun, […]Lire plus...
“Si n pa dakò pou n viv ansanm, n ap mouri tankou yon bann idyo” se deklarasyon Wilner Joseph, kandida anba banyè Vikwa, pati Alix Didier Fils-Aimé a. Kandida a fè deklarasyon sa a nan otèl El Rancho pandan l t ap lanse pati a nan Petyonvil ayè dimanch 27 septanm 2026 la. Yon deklarasyon […]Lire plus...
Plis pase 7 000 ka vyolans ki baze sou sèks deja anrejistre an Ayiti pandan 9 premye mwa ane 2026 la, daprè done patnè imanitè Nasyonzini yo. Prèske 600 ka te anrejistre pou mwa dawout sèlman, epi vyolans seksyèl reprezante anviwon 60% nan ka yo. Fanm ak tifi yo reprezante majorite sivivan yo. Ensekirite ak […]Lire plus...
Aprè retou Ayiti sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la nan Koup di Mond 2026 la, atakan Grenadye yo, Wilson Isidor, pote yon mesaj klè : Ayiti dwe retounen jwe lakay li. Nan refleksyon li sou avni seleksyon nasyonal la, Isidor mete aksan sou enpòtans pou Grenadye yo kapab evolye ankò sou tèritwa ayisyen an, […]Lire plus...
Premye minis ayisyen Alix Didier Fils-Aimé pwomèt pou gouvènman li a ranfòse batay kont enpinite ak krim grav ann Ayiti, pandan li t ap pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an. Nan diskou li a, Fils-Aimé deklare « enpinite se lòt fas ensekirite », pandan li ensiste sou nesesite pou otorite yo konbat toude fenomèn […]Lire plus...
Olivier Martelly, pitit ansyen Prezidan Michel Joseph Martelly, debake nan komin Kotdefè pou l enskri kòm elektè, nan yon moman kote pwosesis elektoral la ap kontinye nan peyi a. Olivier Martelly te rive nan zòn nan ak yon foul moun dèyè l. Pandan deplasman an, moun ki te akonpaye l yo t ap rele « […]Lire plus...
Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader, deklare mèkredi 23 septanm 2026 la, devan Asanble Jeneral Nasyonzini an, pa gen yon solisyon dominiken pou kriz Ayiti a. Abinader fè konnen solisyon kriz Ayiti a dwe jwenn an Ayiti, pandan li mande kominote entènasyonal la pran plis aksyon pou ede peyi a soti nan kriz li ap travèse […]Lire plus...
Yon total 22 moun ki akize nan asasina ansyen Prezidan ayisyen Jovenel Moïse la parèt devan jij federal Lisette Reid nan tribinal Clyde Atkins Courthouse, nan Miami, Florid. Akize yo te prezante youn apre lòt devan tribinal la, anba gwo mezi sekirite. Yo te mete menòt nan men yo, chèn nan pye ak nan senti, […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
