Massillon Jean, ajan enterimè komin Kenskòf la mouri nan yon lopital nan komin Kenskòf jounen vandredi 9 oktòb 2026 la. Majistra a te santi yon doulè vant pandan l t ap monte nan lokalite Bwa davril maten an selon sa pwòch li yo pataje. Majistra a mouri pandan l nan kè yon batay pou libere komin nan anba men gang.
Se yon nouvèl ki pote gwo chòk pou kominote Kenskòf la e gen moun k ap di yo poko janm ka kwè Massillon Jean mouri vre.













