Daprè jounalis James Pierre, ki ap swiv odyans lan nan tribinal federal Miami a, Jomarlie Moïse deklare li te jwenn manman li, Martine Moïse, chita sou yon chèz apre atak ki te touye Jovenel Moïse la. Daprè sa James Pierre rapòte, deklarasyon Jomarlie a diferan ak sa Martine Moïse te rakonte sou moman atak la. […]Lire plus...
Komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin enskri an liy jounen mèkredi 30 septam 2026 la kòm kandida pou prezidan. Se anba banyè Fòs Chanjman Nasyonal (FCN) li poze kandida. Jan anpil moun te swete sa a, komisè pase ak laksyon. Si se vre ap gen eleksyon nan peyi a, posiblite pou anpil moun kontre […]Lire plus...
Martine Moïse mete non ansyen senatè Antonio Chéramy, alyas Don Kato, nan mitan eleman li te soulve nan temwayaj li devan tribinal federal Miami an nan kad pwosè sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Pandan li t ap pale sou klima politik ki te egziste anvan asasina Jovenel Moïse la, Martine Moïse fè referans […]Lire plus...
Martine Moïse, deklare se mouvman peyi lòk la ki te lakòz mari li, ansyen Prezidan Jovenel Moïse, pa t kapab òganize eleksyon pandan manda li. Li pale konsa pandan avoka yo t ap poze l kesyon sou peryòd Jovenel Moïse te pase sou pouvwa a ak konfli politik ki te make manda li. Peyi lòk […]Lire plus...
Malgre anpil diskou rasis ak bòykotaj “C’était ça ou mourir”, dènye woman Thélisson Orélien an ap vale tèren nan peyi Lafrans an patikilye. Nan divès kote nan peyi sa a, non sèlman demand yo anpil men liv la prèske pa disponib tèlman gen moun ki vle achte. Depi aprè yo fin di liv la se […]Lire plus...
Nan kad temwayaj li nan pwosè federal Christian Emmanuel Sanon an, Martine Moïse, te pale sou dispozisyon sekirite ki te genyen nan rezidans prezidansyèl la anvan asasina Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021. Daprè temwayaj li, se ansyen prezidan Michel Martelly ki te mete ajan sekirite li te genyen yo disponib pou Jovenel Moïse. Deklarasyon sa […]Lire plus...
Nan kad pwosè federal Ozetazini sou asasina ansyen Prezidan ayisyen Jovenel Moïse, avoka gouvènman ameriken an site BSAP, G-9 ak Fantom 509 kòm gwoup ame ki, dapre akizasyon pwokirè yo, te gen pou ede Christian Emmanuel Sanon ak akolit li yo mete an aplikasyon plan yo te prepare kont ansyen prezidan an. Daprè sa avoka […]Lire plus...
Pandan temwayaj li, Martine Moïse rapòte yon deklarasyon ansyen Premye Minis Ariel Henry te fè, kote, daprè li, li te di: «Pa panse eleksyon pral fèt kounye a. Epi pa panse mari w pral jwenn jistis». Deklarasyon sa a vini nan yon pwosè federal Ozetazini kote lajistis ap egzamine konplo ki te mennen nan asasina […]Lire plus...
Victor Albeiro Pineda Cardona, yon ansyen manm fòs espesyal Kolonbi, akize kòm youn nan moun ki te tire sou Prezidan ayisyen Jovenel Moïse pandan atak ki te lakòz lanmò li nan dat 7 jiyè 2021. Daprè enfòmasyon Miami Herald rapòte, pwokirè federal ameriken yo prezante plizyè eleman nan kad yon odyans ki te fèt lendi […]Lire plus...
Ansyen premye dam peyi d Ayiti, Martine Moïse, se premye temwen ki vin temwaye madi sa a nan pwosè federal pastè Christian Emmanuel Sanon, nan kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Martine Moïse pran plas li nan ba temwen an pou li pale sou sa ki te pase nan lannuit 6 pou rive 7 […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
