Rezo Digicel la ap fè fas ak yon nouvo pànn jounen lendi 12 oktòb la, sèlman yon semèn aprè konpayi an te ofri kliyan li yo 1 Go entènèt, ki te valab jiska minwi, kòm konpansasyon pou yon pànn ki te dire plis pase 24 èdtan. Pandan ayisyen yo ap kontinye depanse gwo lajan pou achte plan entènèt ak lòt sèvis nan men konpayi an, pwoblèm rezo sa yo kontinye soulve kesyon sou kalite sèvis kliyan yo ap resevwa.
Pou anpil kliyan, sitiyasyon an bay gwo fristrasyon, sitou lè yo oblije peye chè pou sèvis ki pa toujou disponib jan yo ta dwe ye a.













