Seleksyon nasyonal foutbòl feminen Ayiti a sibi yon gwo defèt devan Ostrali nan yon match amikal. Malgre medam yo te jwenn yon bon demaraj nan rankont lan, yo pa t rive kenbe ritm lan devan ekip ostralyèn ban, ki te pran kontwòl match la. Se Melchie Dumornay, youn nan jwèz enpòtan seleksyon ayisyèn nan ki make sèl gòl Ayiti a depi nan 3yèm minit rankont lan. Rezilta sa a reprezante yon kou difisil pou seleksyon ayisyèn nan, sitou nan kad preparasyon li yo pou pwochen defi entènasyonal yo.
Kounye a, kotch medam yo ap gen anpil travay pou fè pou amelyore nivo jwèt yo epi prepare tèt yo pou pwochen konfwontasyon yo.













