Timoun yo reprezante ant 30 % a 50 % manm gang ame an Ayiti, daprè yon estimasyon Nasyonzini, Òganizasyon an lanse yon avètisman sou ogmantasyon rekritman timoun yo ak vyolans y ap sibi. Daprè UNICEF, kantite timoun gwoup ame yo rekrite epi itilize an Ayiti te ogmante anviwon 200 % an 2025 parapò ak ane anvan an. Gen timoun ki antre nan gang yo anba menas oswa kontrent, pandan povrete, deplasman ak mank pwoteksyon rann lòt yo pi vilnerab. Timoun sa yo ekspoze ak eksplwatasyon, vyolans fizik ak sikolojik, ansanm ak vyolans seksyèl.
Fas ak sitiyasyon sa a Nasyonzini ak UNICEF mande pou ranfòse pwoteksyon timoun yo, anpeche rekritman yo epi bay timoun ki soti nan gwoup ame yo sipò ki nesesè pou reyentegrasyon sosyal yo ak retou lekòl.













