Aktè ayisyen Frantzson Saintilien alyas Gwo Siro plede koupab sou 18 akizasyon fwod fiskal devan yon tribinal federal nan Brooklyn, nan eta New York, Ozetazini. Daprè otorite jidisyè ameriken yo, li riske pran jiska 54 ane prizon. Daprè Depatman Jistis ameriken an, Saintilien te travay kòm preparatè deklarasyon taks ant 2019 ak 2023. Pandan peryòd sa a, li te prepare deklarasyon ki te gen fo depans biznis fo pèt finansye ak kredi fiskal ki pa t lejitim, nan objektif pou fè kliyan li yo jwenn ranbousman taks yo pa t gen dwa resevwa.
Ankèt la montre tou, nan plizyè ka, li te pran yon pati nan lajan ranbousman yo pou tèt li san kliyan yo pa t okouran. Daprè estimasyon gouvènman ameriken an, plan fwod la te lakòz plis pase yon milyon dola pèt pou kès federal la.













