Plizyè pèsonalite politik ayisyen ki anba sanksyon peyi etranje kapab kounye a gen posiblite pou yo depoze kandidati yo, apre yon nouvo chanjman nan dekrè elektoral la. Nouvo dispozisyon an retire egzijans ki te mande kandida yo prezante yon sètifika ki pwouve yo pa anba sanksyon finansye etranje. Sepandan, moun ki anba sanksyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an rete pa kalifye pou patisipe nan eleksyon yo.
Chanjman sa a kapab gen konsekans sou patisipasyon kèk pèsonalite politik nan pwochen eleksyon yo.













