Plizyè pèsonèl militè ki soti Tchad rive an Ayiti ayè jedi 17 septanm nan pou rejwenn GSF la, nan kad deplwaman entènasyonal k ap vize ranfòse kapasite operasyonèl fòs la sou tèren an. Pèsonèl tchadyen sa yo vin ranfòse kontenjan ki deja prezan nan peyi a malgre poko janm gen rezilta. Pou moman an, kantite […]Lire plus...
Pou pi piti 5 elèv ladan yo 3 fi ki fè pati yon menm fanmi sibi zak anlèvman maten vandredi 18 septanm nan sou Bwa Vèna. Sa pase ant ri Kamelo ak Difò selon temwen ki te sou plas. Dèlma, Petyonvil, Pòtoprens elatriye, kidnaping nan fin debòde nan lari a. E gen gwo enkyetid paske […]Lire plus...
Chofè taksi ak machin prive nan divès kwen anndan peyi a nan gwo difikilte akoz yon move kaz ki an sikilasyon. Gen plizyè machin ak moto ki tonbe an pàn akoz menm pwoblèm sa a. Chofè yo ap denonse danje a men jiskaprezan, minis Kòmès la poko janm fiskse reponsablite yo malgre li okouran de […]Lire plus...
Jiska 3 milyon dola ameriken, se kantite lajan anbasad amerikèn pwomèt pou l bay moun ki ede yo jwenn enfòmasyon sou moun k ap finanse gang Viv Ansanm nan nan Lwès ak Gran Grif nan Latibonit. Anbasad la di, gwoup gang sa yo enplike nan ekstòsyon, kidnaping pou mande lajan, trafik zam ak dwòg. Anbasad […]Lire plus...
Lapolis nan depatman Nò a prezante bilan operasyon li yo pou mwa dawout 2026 la. Daprè pòt pawòl Polis depatman Nò a, Arold Jean, fòs lòd yo arete 437 moun nan plizyè zòn nan depatman an. Selon pòtpawòl la, kèk nan arestasyon sa yo fèt nan kad operasyon pou verifye pyès idantite sitwayen yo. Lapolis […]Lire plus...
Prezidan ameriken an, Donald Trump nome Austin Holmes kòm nouvo anbasadè Etazini an Ayiti. Nominasyon an fèt nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak yon gwo kriz sekirite, pandan vyolans gang ame yo kontinye afekte plizyè zòn nan peyi a. Austin Holmes pral jwe yon wòl enpòtan nan relasyon ant Washington ak Pòtoprens, […]Lire plus...
Prezidan dominiken Luis Abinader rejte yon pwopozisyon lejislatif ki ta mande pou anseye anglè, fransè ak kreyòl ayisyen nan sistèm edikatif dominiken an. Abinader fè konnen gouvènman li an entèrese ranfòse ansèyman anglè, men li pa dakò ak lide pou mete Kreyòl ayisyen nan lekòl dominiken yo. Li konsidere pwopozisyon sa a kòm yon bagay […]Lire plus...
Pwokirè federal ameriken yo akize Rafael Guerrero nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, ki te mouri 7 jiyè 2021 nan rezidans li nan Pèleren 5. Daprè tribinal la, Guerrero ta patisipe nan reyinyon kote yo t ap prepare yon operasyon pou ranvèse Jovenel Moïse. Yo akize l tou dèske li […]Lire plus...
Komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, anonse li pare pou mete tèt li nan kous prezidansyèl la. Li fè konnen dokiman li yo deja pare pou pèmèt li antre nan pwosesis kandidati a. Nan yon entèvyou li bay lendi 14 septanm nan, Muscadin deklare li disponib pou sèvi peyi a, men li mete aksan […]Lire plus...
Yon videyo k ap sikile anpil sou rezo sosyal yo depi dimanch 13 septanm 2026 montre 2 timoun, yon tifi ak yon tigason, mare sou yon kabann pandan yon fanm ap bat yo. Timoun yo rele fanm nan « manman », men pa gen anyen ki konfime si se manman yo vre. Fanm nan fè […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
