Martine Moïse, deklare se mouvman peyi lòk la ki te lakòz mari li, ansyen Prezidan Jovenel Moïse, pa t kapab òganize eleksyon pandan manda li. Li pale konsa pandan avoka yo t ap poze l kesyon sou peryòd Jovenel Moïse te pase sou pouvwa a ak konfli politik ki te make manda li. Peyi lòk la te make yon peryòd gwo tansyon politik ak blokaj nan plizyè zòn an Ayiti, sitou nan lane 2019. Aktivite ekonomik, transpò ak fonksyònman enstitisyon yo te sibi gwo deranjman pandan kriz la.
Nan kad menm temwayaj la, Martine Moïse te pale sou relasyon mari li ak plizyè aktè politik epi sou difikilte ki te genyen pandan manda li.













