Daprè jounalis James Pierre, ki ap swiv odyans lan nan tribinal federal Miami a, Jomarlie Moïse deklare li te jwenn manman li, Martine Moïse, chita sou yon chèz apre atak ki te touye Jovenel Moïse la. Daprè sa James Pierre rapòte, deklarasyon Jomarlie a diferan ak sa Martine Moïse te rakonte sou moman atak la. […]Lire plus...
Komisè gouvènman Miragwà n nan, Jean Ernest Muscadin enskri an liy jounen mèkredi 30 septam 2026 la kòm kandida pou prezidan. Se anba banyè Fòs Chanjman Nasyonal (FCN) li poze kandida. Jan anpil moun te swete sa a, komisè pase ak laksyon. Si se vre ap gen eleksyon nan peyi a, posiblite pou anpil moun kontre […]Lire plus...
Martine Moïse mete non ansyen senatè Antonio Chéramy, alyas Don Kato, nan mitan eleman li te soulve nan temwayaj li devan tribinal federal Miami an nan kad pwosè sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Pandan li t ap pale sou klima politik ki te egziste anvan asasina Jovenel Moïse la, Martine Moïse fè referans […]Lire plus...
Johnny Raphaël, direktè Jeneral Kès Asistans Sosyal la deside remèt demisyon l nan tèt bwat sa a jounen mèkredi 30 septanm 2026 la. Nan yon lèt li adrese ak minis Zafè Sosyal ak Travay la, Marc-Élie Nelson, Johnny deklare li kite pòs la paske gen yon seri bagay y ap enpoze l pou l fè […]Lire plus...
Brigad Pwoteksyon Minè (BPM) nan vil Ench ap fè fas ak yon gwo kantite dosye ki konsène timoun ak adolesan. Pou mwa jen, jiyè ak out 2026, Biwo Pwoteksyon Minè nan vil Ench anrejistre 12 ka vyòl jeneralize, 6 ka ki lakòz gwosès, ansanm ak 12 ka detounman minè pou rezon seksyèl. Sa fè yon […]Lire plus...
Nathalie Belizaire, ki abite North Miami Beach, nan eta Florid, arete aprè otorite yo akize l dèske li te kite 4 timoun poukont yo nan yon apatman pandan li al pran plezi sou yon kwazyè Bahamas. Daprè rapò lapolis, pami 4 timoun yo te gen yon tibebe ki gen anviwon 2 mwa ak yon timoun […]Lire plus...
Martine Moïse, deklare se mouvman peyi lòk la ki te lakòz mari li, ansyen Prezidan Jovenel Moïse, pa t kapab òganize eleksyon pandan manda li. Li pale konsa pandan avoka yo t ap poze l kesyon sou peryòd Jovenel Moïse te pase sou pouvwa a ak konfli politik ki te make manda li. Peyi lòk […]Lire plus...
Malgre anpil diskou rasis ak bòykotaj “C’était ça ou mourir”, dènye woman Thélisson Orélien an ap vale tèren nan peyi Lafrans an patikilye. Nan divès kote nan peyi sa a, non sèlman demand yo anpil men liv la prèske pa disponib tèlman gen moun ki vle achte. Depi aprè yo fin di liv la se […]Lire plus...
Nan kad temwayaj li nan pwosè federal Christian Emmanuel Sanon an, Martine Moïse, te pale sou dispozisyon sekirite ki te genyen nan rezidans prezidansyèl la anvan asasina Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021. Daprè temwayaj li, se ansyen prezidan Michel Martelly ki te mete ajan sekirite li te genyen yo disponib pou Jovenel Moïse. Deklarasyon sa […]Lire plus...
