Johnny Raphaël, direktè Jeneral Kès Asistans Sosyal la deside remèt demisyon l nan tèt bwat sa a jounen mèkredi 30 septanm 2026 la. Nan yon lèt li adrese ak minis Zafè Sosyal ak Travay la, Marc-Élie Nelson, Johnny deklare li kite pòs la paske gen yon seri bagay y ap enpoze l pou l fè li jije ki pa nòmal e sa repete souvan. Li di sitiyasyon sa a lakoz travay li ap mal fèt nan bwat la donk li deside ale.
Li pa fasil pou jwenn moun deside demisyone nan pòs yo nan peyi d Ayiti. Desizyon sa a vini paske bagay yo te konplike pou DG a.













