Nan kad temwayaj li nan pwosè federal Christian Emmanuel Sanon an, Martine Moïse, te pale sou dispozisyon sekirite ki te genyen nan rezidans prezidansyèl la anvan asasina Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021. Daprè temwayaj li, se ansyen prezidan Michel Martelly ki te mete ajan sekirite li te genyen yo disponib pou Jovenel Moïse. Deklarasyon sa a vin soulve plis kesyon sou estrikti sekirite ki te antoure ansyen prezidan an anvan atak ki te touye l la.
Pandan li t ap temwaye, Martine Moïse te fè konnen te gen anviwon 40 a 50 ajan sekirite ki te gen responsablite pou pwoteje fanmi prezidansyèl la.













