Nathalie Belizaire, ki abite North Miami Beach, nan eta Florid, arete aprè otorite yo akize l dèske li te kite 4 timoun poukont yo nan yon apatman pandan li al pran plezi sou yon kwazyè Bahamas. Daprè rapò lapolis, pami 4 timoun yo te gen yon tibebe ki gen anviwon 2 mwa ak yon timoun 2 lane. Otorite yo di timoun yo te rete san sipèvizyon okenn granmoun pandan manman an te ale jwi lavil. Lè lapolis ak sèvis ijans yo rive nan apatman an, yo te jwenn 4 timoun yo ansanm nan yon twalèt, san okenn granmoun sou plas.
Belizaire ap fè fas ak kat akizasyon neglijans sou timoun san gwo blesi kòporèl. Apre prezantasyon li devan yon jij, kosyon an te fikse a 10,000 dola ameriken, epi tribinal la te entèdi l kontakte timoun yo pandan pwosedi jidisyè a.













