Ansyen premye dam peyi d Ayiti, Martine Moïse, se premye temwen ki vin temwaye madi sa a nan pwosè federal pastè Christian Emmanuel Sanon, nan kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Martine Moïse pran plas li nan ba temwen an pou li pale sou sa ki te pase nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an. Martine Moïse deklare: “mwen isit la jodi a pou m mande jistis pou mari m, paske li te vle yon peyi miyò. Malerezman, se konsa sa te fini”.
Pandan pwokirè yo t ap poze l kesyon sou evènman ki te pase lannuit asasina a, ansyen premye dam nan te bay kèk eleman sou sa li konnen epi li te site non plizyè moun li estime ki kapab pote plis enfòmasyon devan tribinal la.













