Yon nouvo lo machin militè blennde rive pou ranfòse kapasite operasyonèl twoup salvadoryen ki angaje nan misyon sekirite ann Ayiti yo. Nouvo imaj ki parèt nan lannwit samdi 21 novanm 2026 la montre lòt ekipman militè blende ki vin konplete mwayen materyèl sòlda salvadoryen yo. Nouvo ekipman sa yo antre nan kad ranfòsman kapasite twoup salvadoryen yo sou teren an, pandan misyon sekirite a ap kontinye nan peyi a, kote fòs angaje yo ap fè fas ak defi ki genyen nan batay kont gang ame yo.
Pou kounye a, pa gen detay ki disponib sou kantite machin blende ki rive nan nouvo lo sa a, ni sou modèl ekipman militè yo.















