Day: <span>September 29, 2026</span>

Avoka Sanon yo mande pou yo tande Claude Joseph ak

Avoka Christian Emmanuel Sanon yo mande pou yo tande Claude Joseph ak Ariel Henry, 2 ansyen Premye minis Ayiti yo, kòm temwen nan kad pwosè federal k ap dewoule nan Miami sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Demann lan fèt devan jij federal Jacqueline Becerra, k ap mennen pwosè a. Avoka Sanon yo vle tande […]Lire plus...

BSAP, G-9 ak Fantom 509 site nan pwosè Jovenel Moïse

Nan kad pwosè federal Ozetazini sou asasina ansyen Prezidan ayisyen Jovenel Moïse, avoka gouvènman ameriken an site BSAP, G-9 ak Fantom 509 kòm gwoup ame ki, dapre akizasyon pwokirè yo, te gen pou ede Christian Emmanuel Sanon ak akolit li yo mete an aplikasyon plan yo te prepare kont ansyen prezidan an. Daprè sa avoka […]Lire plus...

Ariel Henry te di Martine mari l p ap jwenn

Pandan temwayaj li, Martine Moïse rapòte yon deklarasyon ansyen Premye Minis Ariel Henry te fè, kote, daprè li, li te di: «Pa panse eleksyon pral fèt kounye a. Epi pa panse mari w pral jwenn jistis». Deklarasyon sa a vini nan yon pwosè federal Ozetazini kote lajistis ap egzamine konplo ki te mennen nan asasina […]Lire plus...

Youn nan bawon sektè prive a an Ayiti bat zèl

Gilbert Bigio, biznismann nan peyi d Ayiti depi plizyè lane pran direksyon gran lakou jounen madi 29 septanm 2026 la nan peyi Etazini, Eta Florid. Bigio mouri ak 91 rekòt kafe sou tèt li. Gilbert Bigio pat sèlman nan zafè biznis men li te konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti depi 25 lane. Kanada te […]Lire plus...

Victor Pineda akize poutèt li te nan tire sou Jovenel

Victor Albeiro Pineda Cardona, yon ansyen manm fòs espesyal Kolonbi, akize kòm youn nan moun ki te tire sou Prezidan ayisyen Jovenel Moïse pandan atak ki te lakòz lanmò li nan dat 7 jiyè 2021. Daprè enfòmasyon Miami Herald rapòte, pwokirè federal ameriken yo prezante plizyè eleman nan kad yon odyans ki te fèt lendi […]Lire plus...

Nasyon Zini pwolonje manda FRG a jouk nan mwa mas

Malgre gang yo kontinye ap vale tèren, Konsèy Sekirite Nasyonzini an deside pwolonje manda Fòs Represyon Gang yo (FRG) pou yon lòt 6 mwa. Desizyon sa a ki pran madi 29 septanm 2026 la ap pèmèt fòs la kontinye misyon li an Ayiti jouk 31 mas 2027. Pwolongasyon an te apwouve pandan yon reyinyon Konsèy […]Lire plus...

Contact Us