Avoka Christian Emmanuel Sanon yo mande pou yo tande Claude Joseph ak Ariel Henry, 2 ansyen Premye minis Ayiti yo, kòm temwen nan kad pwosè federal k ap dewoule nan Miami sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Demann lan fèt devan jij federal Jacqueline Becerra, k ap mennen pwosè a. Avoka Sanon yo vle tande sa de ansyen Premye minis yo konnen sou asasina Jovenel Moïse la.
Pou moman an, avoka yo pa bay detay sou sa yo ta vle poze de ansyen Premye minis yo kòm kesyon oswa sou enfòmasyon yo espere jwenn nan temwayaj yo.













