Pwosè Christian Emmanuel Sanon, youn nan moun ki akize nan dosye asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, kòmanse lendi 28 septanm sa a devan yon tribinal federal nan Miami. Nan premye prezantasyon yo devan jiri a, pwokirè ameriken yo soutni Sanon te jwe yon wòl nan preparasyon operasyon an, sitou nan ranmase lajan, rekrite moun, ansanm ak òganizasyon deplasman ak lojman pou kèk patisipan. Pou defans lan, Sanon te gen yon pwojè politik pou ranplase Jovenel Moïse, men li pa t konnen plan lòt konspiratè yo t ap fini nan asasina prezidan an.
Martine Moïse, vèv ansyen prezidan an, fè pati temwen yo prevwa bay temwaye pandan pwosè a, ki pral pèmèt akizasyon an ak defans lan prezante prèv yo sou wòl Sanon nan lanmò a.













