Gouvènman defakto a, tankou jan l toujou fè l, pran yon dekrè pou mete eta ijans sou 3 depatman nan peyi a jiska 18 desanm 2026. Depatman ki konsène yo se Lwès, Latibonit ak Sant. Mesye dam yo di se paske yo vle bay sekirite pou jere peyi a. Daprè gouvènman an, yo pral ranfòse sekirite a, moun p ap ka deplase jan yo vle, se sèl otorite polisyè yo k ap ka sikile jan yo vle. Eta ijans ankò, plis lajan pral depanse, zewo rezilta.
Gouvènman de fakto a bliye di tou gang yo pa konsène ak eta ijans lan paske malgre mezi sa a, bandi yo ap sikile libe liben, yo konnen se manti y ap fè.













