Laury Lacombe, alyas Ti Kreyòl ki gen 22 zan, prezan nan Pakè Pòtoprens mèkredi 21 oktòb 2026 la, nan kad yon dosye ki melanje li ak chèf gang Ralph Woodmyr Louissaint, alyas « Chalè ». Jèn fanm nan te arete 1ye out 2026 nan Dèlma 75, daprè enfòmasyon ki disponib sou dosye a. Arestasyon li te fèt nan kad yon ankèt Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) t ap mennen sou lyen prezime li ak aktivite kriminèl ki asosye ak Chalè
Prezantasyon li nan Pakè Pòtoprens lan antre nan kad swivi jidisyè dosye a.













