4 sitwayen Ayisyen, Wilbert Jean Baptiste, Louis Jean, Jhensly Charles ak Rubstony Junior Theodore, fè pati moun otorite imigrasyon amerikèn arete nan kad yon operasyon nasyonal ki vize imigran yo sispèk ki te jwenn benefis alimantè SNAP nan kondisyon ilegal, daprè chèn televizyon Fox News. Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) konfime ICE lanse operasyon sa a pou idantifye epi arete moun otorite yo akize dèske yo te jwenn benefis nan pwogram asistans alimantè SNAP la san yo pa respekte kondisyon legal yo.
Daprè DHS, Rubstony Junior Theodore te deja gen arestasyon nan dosye ki gen rapò ak vòl, antrav nan travay ajan lapolis ak antre san otorizasyon sou pwopriyete.













