Yon direktè lekòl nan depatman Nò a ap fè fas ak gwo kritik sou rezo sosyal yo apre yon videyo ki montre li ap “gouye” nan dèyè yon elèv ki an inifòm lekòl la. Imaj sa yo pwovoke anpil reyaksyon nan mitan sitwayen yo, ki denonse konpòtman yo konsidere kòm endesan nan yon anviwònman edikatif. Depi videyo a kòmanse sikile, plizyè itilizatè rezo sosyal yo eksprime endiyasyon yo epi mete aksan sou responsablite yon direktè lekòl genyen nan ankadreman, edikasyon ak pwoteksyon elèv yo. Pou anpil nan yo, konpòtman yon responsab lekòl dwe ann amoni ak valè disiplin ak respè yon enstitisyon edikatif gen misyon pou transmèt.
Kontwovès sa a relanse deba sou konduit pèsonèl responsab lekòl yo ak obligasyon yo genyen anvè elèv ki sou responsablite yo. Plizyè sitwayen mande otorite edikatif konsène yo egzamine videyo a, verifye sikonstans kote sèn nan te pase a epi pran dispozisyon ki nesesè, si gen fot ki etabli.













