Minis Defans dominiken an, Carlos Antonio Fernández Onofre, anonse plis pase 11 000 sòlda ap siveye fwontyè ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Deklarasyon sa a fèt nan yon kontèks kote otorite dominiken yo kontinye ranfòse dispozitif sekirite yo akoz enstabilite ak aktivite gwoup ame nan peyi Ayiti. Daprè minis la, militè yo deplwaye sou premye […]Lire plus...
Konsila Ayiti nan Dajabón reyaji aprè majistra vil la fè arete plizyè timoun ayisyen. Nan yon mesaj piblik, konsil Ricot Almonord raple tout timoun gen dwa pou jwenn pwoteksyon, sekirite ak respè pou diyite yo, kèlkeswa nasyonalite yo oswa sitiyasyon migratwa yo. Konsila la rekonèt otorite yo gen responsablite pou fè respekte lalwa, men li […]Lire plus...
Apre arestasyon li nan dat 2 novanm 2026 la, pandan li ta prale lopital, Djouly jwenn liberasyon li nan mwens pase 24 èdtan. Sepandan, otorite ICE yo mete yon braslè elektwonik nan pye li pou siveye deplasman li. Nan yon live TikTok Li Fè Jodi a kote plis ke 30 mil Moun branche, Djouly Fè […]Lire plus...
Djouly nan men ICE pou kounye a aprè plizyè ajan fin arete l nan yon machin li te ye jounen 2 novanm 2026 la. Nan yon videyo 19 segond ki an sikilasyon, ou ka tande vwa yon sitwayen ayisyen ak dlo nan je k ap di: “ICE pran Djouly nan men m kounye a”. Enfòmasyon […]Lire plus...
Lapolis dominikèn kenbe yon machin ki t ap transpòte 7 moun, pami yo 6 sitwayen ayisyen ki pa t gen dokiman idantifikasyon sou yo. Operasyon prevantif sa a te dewoule nan minisipalite Monción, nan pwovens Santiago RodrÃguez, nan Repiblik Dominikèn. Daprè enfòmasyon lapolis la bay, se Juan Carlos Batista, yon sitwayen dominiken ki abite nan […]Lire plus...
Direksyon Jeneral Migrasyon Repiblik Dominikèn fè konnen li arete 2 256 etranje ki te nan sitiyasyon migratwa iregilye pandan jounen vandredi 30 oktòb 2026 la, nan kad plizyè operasyon kontwòl migrasyon ki te dewoule nan diferan zòn nan peyi a. Selon enfòmasyon otorite migrasyon yo pibliye, pami moun yo arete yo, 1 466 te jwenn […]Lire plus...
Prezidan dominiken an, Luis Abinader, lanse yon avètisman sevè bay gang ame ann Ayiti yo, li fè konnen yo pral fè fas ak gwo rezistans si yo ta pwoche bò fwontyè ant de peyi yo. Chèf Leta dominiken an ensiste sou detèminasyon gouvènman li an pou pwoteje teritwa peyi li a kont nenpòt menas ki […]Lire plus...
Anviwon 77 sitwayen ayisyen rive nan Ayewopò Entènasyonal Okap la jedi 22 oktòb 2026 la, aprè gouvènman ameriken an te depòte yo. Pami yo gen 7 fanm daprè enfòmasyon ki disponib yo. Pami moun sa yo genyen Ayisyen ki te antre Ozetazini atravè pwogram imanitè administrasyon ansyen prezidan Joe Biden lan, ansanm ak lòt ki […]Lire plus...
Gad Kòt peyi Etazini rapatriye 63 migran nan Repiblik Dominikèn apre otorite yo te arete yon bato nan Kanal Mona a, nan zòn ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko. Pami migran yo, te gen 7 Ayisyen ak 56 Dominiken. Bato a te gen 66 moun abò, pandan 3 lòt moun rete anba gad otorite federal ameriken […]Lire plus...
Federasyon Dominikèn Pwodiktè Diri a mande gouvènman prezidan Luis Abinader la mete yon mekanis an plas pou pèmèt pwodiktè yo anboche travayè ayisyen legalman, pandan sektè agrikòl la ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn mendèv nan jaden yo. Prezidan federasyon an, Marco RodrÃguez, eksplike sektè diri a depann anpil de travayè ayisyen, sitou […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
