Lapolis dominikèn kenbe yon machin ki t ap transpòte 7 moun, pami yo 6 sitwayen ayisyen ki pa t gen dokiman idantifikasyon sou yo. Operasyon prevantif sa a te dewoule nan minisipalite Monción, nan pwovens Santiago Rodríguez, nan Repiblik Dominikèn. Daprè enfòmasyon lapolis la bay, se Juan Carlos Batista, yon sitwayen dominiken ki abite nan pwovens lan, ki t ap kondi machin nan. Otorite yo fè konnen plak ekspozisyon machin nan te sanble modifye.
Pami 6 Ayisyen ki te nan machin nan, te gen yon fanm ak yon minè. Lapolis fè konnen okenn nan yo pa t prezante dokiman idantifikasyon lè ajan yo te mande yo sa.













