Prezidan dominiken an, Luis Abinader, lanse yon avètisman sevè bay gang ame ann Ayiti yo, li fè konnen yo pral fè fas ak gwo rezistans si yo ta pwoche bò fwontyè ant de peyi yo. Chèf Leta dominiken an ensiste sou detèminasyon gouvènman li an pou pwoteje teritwa peyi li a kont nenpòt menas ki ta soti nan kriz sekirite k ap ravaje Ayiti a. Abinader fè konnen perimèt sekirite Repiblik Dominikèn nan pa limite sèlman ak liy fwontyè a. Li presize otorite dominiken yo ap veye sitiyasyon an sou yon distans 20 kilomèt, nan objektif pou anpeche gwoup ame yo pwoche twò pre fwontyè a.
Prezidan an avèti si gang yo ta avanse nan direksyon fwontyè a, yo t ap jwenn yon repons sevè nan men fòs sekirite dominiken yo.













