Nan kad pwosè federal k ap dewoule nan Miami sou asasina Prezidan ayisyen Jovenel Moïse la, ansyen senatè John Joël Joseph fè konnen CTU te prevwa bay manm gwoup Fantom 509 yo zam ak ekipman militè pou mennen yon operasyon ki te vize arete chèf Leta a. Daprè temwayaj John Joël Joseph, pami zam yo te prevwa bay gwoup la te gen fizi M-4, M-14, Galil ak mitrayèz M-60, ansanm ak grenad eksplozif. Ekipman sa yo te dwe sèvi pou bay operasyon an mwayen militè ki nesesè.
Temwen an fè konnen zam yo te dwe soti Repiblik Dominikèn abò yon elikoptè ki t ap ateri sou yon teren chèf gang Vitelhomme te mete disponib pou konplotè yo nan zòn Torcel.













