Atakan anglè a, Harry Kane sakre balon dò France Football 2026 e li devanse Kylian Mbappé ki fini 2e pandan Lamine Yamal fini 3e. Bò kote medam yo, jwez FC Barcelone nan, Alexia Putellas sakre balon dò devan Ewa Pajor ak Khadija Shaw. Li enpòtan pou n souliye Melchie Daëlle Dumornay, pwodij ayisyèn nan fini an 4e pozisyon. Yon rekò ki pliske pafè pou jwez la menmsi l te dwe fè plis.
Majorite tit endividyèl ki bay nan seremoni an ane sa a, se espanyòl ki ranpòte yo.















