Gen yon fenomèn ki pa twò pale nan peyi a oubyen yo fè kòmsi yo pa wè l: se kantite adolesant k ap plede ansent nan kan kote ki gen moun deplase yo ap viv nan divès kwen nan zòn metwopolitèn nan. Gen ti moun ki poko menm gen 15 lane ki gentan manman nan kèk ka ki resanse. Ti moun sa yo fè ti moun swa aprè yo fin viktim kadejak oubyen yo itilize yo pou manje ak lajan. Òganizasyon dwa moun yo prèske pa mize sou sa, ministè responsab yo pa voye je, sèlman kèk ONG entènasyonal ki vizite yo yon lè konsa.
Nan kèk lane ankò, pliske pa gen okenn plan pou sove sa ki pi mal yo, sosyete a ki vin tonbe nan yon lòt fòm vyolans ki pi grav.













