Marc Antoine Accra ak 4 lòt moun ki enkilpe nan dosye trafik dwòg dwe al jije devan tribinal kriminèl san asistans jiri selon yon òdonans Lakou d Apèl Pòtoprens rann ayè lendi 26 oktòb 2026 la. Dosye sa a gen pouwè ak bato “Manzanares” kote an avril 2015 BLTS te sezi 105 kilo kokayin ak 15 kilo ewoyin ladan l. Lakou a mande tou pou pakè Pòtoprens pouswiv lòt moun ankò nan kad menm dosye sa a ki gen rapò ak bato sik sa a yo te sezi an 2015. Se yon dosye ki reveye gwo dezòd Accra ak pwòch li yo ap plede fè nan peyi a men yo toujou itilize lajistis pou kouvri pou yo.
N ap raple se nan tèminal Vare a yo te dekouvri bato sa a ki te pote sik men se dwòg ak ewoyin Accra t ap fè pase, yon dosye lajistis de klase san swit selon sa nou enfòme.













