Sikològ Ricardo Louis, yo konnen sou non « Fou Konsyan », mouri nan ijans lopital Notre-Dame Tigwav la, dimanch 25 oktòb 2026 la. Daprè enfòmasyon yon pwòch defen an bay, li t ap bwè ak kèk zanmi lè li te santi yon malèz. Zanmi li yo te kouri mennen l lopital e se la li rann dènye souf li. Toutfwa, sikonstans ki koz jèn medsen sikològ la mouri poko fin klè.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, lapolis ta deja arete de moun ki te akonpanye l nan lopital la.













