Plizyè fanmi desann nan lari byen bonè maten madi 20 oktòb 2026 la pou eksprime dezakò yo ak moun ki di y ap dirije peyi a kounye a. Selon pwotestatè sa yo ki nan kan deplase anndan Dèlma 33, kondisyon lavi yo pa bon, yo bezwen deplase kite espas sa a. Yo denonse gouvènman an ki te pwomèt yo 100 mil goud pou yo kite espas la men sa pa janm fèt jiskaprezan.
Pwotestatè yo boule kawotchou sou beton an pou mande mouche Leta di yon mo pou yo.













