Plizyè gwoup dominiken anonse manifestasyon madi 20 oktòb 2026 la nan Santiago, pou pwoteste kont match Violette Athletic Club la, ekip ayisyen an, dwe jwe nan estad Cibao a. Pami òganizasyon ki lanse apèl pou mobilizasyon an, gen Antigua Orden Dominicana. Daprè afich òganizasyon an pibliye a, rasanbleman an fikse pou 4è nan apremidi, bò Moniman Ewo Restorasyon an, nan Santiago. Mobilizasyon sa a ap fèt nan yon kontèks tansyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
Kontestasyon an soulve kesyon sou patisipasyon ekip ayisyen an nan konpetisyon an sou tè dominiken.













