Dapre enfòmasyon ki soti nan temwayaj ki fèt nan tribinal la jodi a, James Solages deklare ansyen senatè Youri Latortue te ba li garanti li t ap kolabore avè l, paske li te pè pou gouvènman ansyen prezidan Jovenel Moïse la pa touye li. Daprè eleman ki rapòte nan temwayaj la, se mesaj sa a Solages te voye bay Arcángel Pretel Ortiz. Ortiz ta reponn li lè li fè konnen responsab sekirite Youri Latortue a te deja pale avè l sou menm dosye a.
Deklarasyon sa yo mete aksan sou relasyon ak kominikasyon ki ta egziste ant diferan aktè nan dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.















