Day: <span>October 19, 2026</span>

Gang Savyen frape Ti Rivyè Latibonit

Gwoup gang Savyen an atake sant vil Ti Rivyè Latibonit la byen bonè nan maten lendi 19 oktòb 2026 la, daprè temwayaj kèk rezidan. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, gang yo ta pran kontwòl plizyè zòn, pami yo Mòn Fò ak Krèt-a-Pyèwo. Atak sa a fèt nan yon kontèks kote vyolans gang yo ap ogmante […]Lire plus...

Etazini anonse yo p ap bliye sòlda salvadoryen yo

Reprezantan peyi Etazini nan Nasyon Zini di sòlda Salvadoryen yo pa mouri. Nan deklarasyon li fè jodi a anbasadè a di Etazini pa bliye 4 sòlda sa yo, li kanpe bò kote yo e y ap mennen yo retounen lakay yo. Èske y ap mennen yo retounen vivan oubyen mouri? N ap raple jiskaprezan operasyon […]Lire plus...

Lame peyi Salvadò konfime disparisyon 4 militè yo Ayiti

Lame peyi Salvadò konfime 4 militè li yo ki deplwaye an Ayiti disparèt aprè yon anbiskad yon gwoup kriminèl ame te lanse sou yo. Pandan operasyon pou chèche militè yo, plizyè elikoptè militè resevwa bal tou. Nan yon kominike ki pibliye byen bonè lendi 19 oktòb 2026 la, Lame Salvadò fè konnen 4 militè sa […]Lire plus...

Manifestasyon anonse nan Santiago kont match Violette AC la

Plizyè gwoup dominiken anonse manifestasyon madi 20 oktòb 2026 la nan Santiago, pou pwoteste kont match Violette Athletic Club la, ekip ayisyen an, dwe jwe nan estad Cibao a. Pami òganizasyon ki lanse apèl pou mobilizasyon an, gen Antigua Orden Dominicana. Daprè afich òganizasyon an pibliye a, rasanbleman an fikse pou 4è nan apremidi, bò […]Lire plus...

Yon tibebe mouri akoz manman l pa jwenn medsen pou

Yon fanm ansent pèdi bebe li aprè li pa t jwenn pèsonèl medikal nan Sant Sante Akil-dè-Pen an pou ede l akouche. Daprè enfòmasyon Acul-des-Pins Moderne & Innovation rapòte, fanm nan te oblije pran direksyon Lopital Wanament pou chèche swen, men li akouche sou wout la epi tibebe a pa t siviv akoz twòp tan. […]Lire plus...

Concacaf ranvwaye match Violette t ap resevwa Sendomeng lan

Violette Athletic Club VAC anonse li resevwa yon kominike nan men CONCACAF ki fè konnen li pa kapab jwe match retou demi final la kont ekip jamayiken Portmore United nan estad Cibao, nan vil Santiago, ann Repiblik Dominikèn. Nan yon nòt pou laprès, komite egzekitif klèb ayisyen an fè konnen desizyon sa a vini aprè […]Lire plus...

Plis pase 7 milyon dola disparèt nan yon kontra zam

Yon kontra plizyè milyon dola pou founi zam ak minisyon bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) soulve gwo kesyon sou jesyon lajan piblik la. Nan yon ankèt Miami Herald rapòte, plis pase 7 milyon dola ameriken nan lajan gouvènman ayisyen an te peye pou kontra a poko jwenn yon eksplikasyon klè sou kote yo ye. […]Lire plus...

5 salvadoryen an difikilte nan zòn Santo

Jiska 9è nan aswè dimanch 18 oktòb 2026 la, gen 5 sòlda salvadoryen ki fè pati Fòs Represyon Gang yo ki an difikilte nan Plèn nan selon enfòmasyon kèk sous nan Lapolis la pataje. Mesye sa yo te nan yon zo reken e yo te antre nan yon makèt, se la bandi ta pral sène […]Lire plus...

Nouvèl yo pa pozitif pou 5 sòlda salvadoryen yo

Machin zo reken yo te ladan l lan boule, plizyè ranfò deplòtonnen, elikoptè fè prèske tout nwit la ap vole, jiska lendi maten 19 oktòb 2026 sa a, pa gen bon nouvèl malgre sa. Daprè yon nòt FRG a sòti yèswa, yo konfime atak la sou salvadoryen yo, yo anonse operasyon pou pote sekou pandan […]Lire plus...

Contact Us