Yon fanm ansent pèdi bebe li aprè li pa t jwenn pèsonèl medikal nan Sant Sante Akil-dè-Pen an pou ede l akouche. Daprè enfòmasyon Acul-des-Pins Moderne & Innovation rapòte, fanm nan te oblije pran direksyon Lopital Wanament pou chèche swen, men li akouche sou wout la epi tibebe a pa t siviv akoz twòp tan. Ka sa a montre difikilte fanm ansent yo ka rankontre pou jwenn asistans medikal nan moman akouchman. Li soulve gwo kesyon sou disponiblite pèsonèl sante nan Sant Sante Akil-dè-Pen an, sitou lè gen ijans kote lavi yon manman ak tibebe li an danje.
Otorite sanitè yo dwe bay eksplikasyon sou sa ki pase a epi pran mezi pou asire fanm ansent yo jwenn swen ki nesesè yo. Popilasyon an pa dwe rete san repons devan yon trajedi konsa.













