Machin zo reken yo te ladan l lan boule, plizyè ranfò deplòtonnen, elikoptè fè prèske tout nwit la ap vole, jiska lendi maten 19 oktòb 2026 sa a, pa gen bon nouvèl malgre sa. Daprè yon nòt FRG a sòti yèswa, yo konfime atak la sou salvadoryen yo, yo anonse operasyon pou pote sekou pandan yo mande popilasyon Santo a rete lakay li pou l pa viktim.
Selon endis yo, tout sòlda sa yo sanble pa gen vi ankò pa rapò ak jan sitiyasyon an prezante a.













