Violette Athletic Club VAC anonse li resevwa yon kominike nan men CONCACAF ki fè konnen li pa kapab jwe match retou demi final la kont ekip jamayiken Portmore United nan estad Cibao, nan vil Santiago, ann Repiblik Dominikèn. Nan yon nòt pou laprès, komite egzekitif klèb ayisyen an fè konnen desizyon sa a vini aprè òganizasyon iltranasyonalis dominiken Antigua Orden Dominicana te anonse yon mobilizasyon pou opoze match la, ki te pwograme pou madi 20 oktòb 2026 la. Daprè VAC, otorite dominiken yo deside anile otorizasyon yo te deja bay klèb la pou l resevwa match li yo sou teritwa dominiken an.
Klèb la fè konnen demach ap fèt pou jwenn yon solisyon pou sitiyasyon sa a, ki rive apeprè 48 èdtan anvan match la, pandan delegasyon toude ekip yo deja sou plas depi plizyè jou.













