Yon chofè moto ta blese anba kout kouto nan vil Kap Ayisyen, madi 20 oktòb 2026 la. Daprè premye eleman enfòmasyon ki disponib yo, yon ajan sekirite minisipal enplike nan ensidan an. Krim sa a pwovoke kòlè nan zòn Site Lesko, kote plizyè moun pran lari pou manifeste mekontantman yo. Manifestasyon sa yo fèt nan […]Lire plus...
Gad Kòt peyi Etazini rapatriye 63 migran nan Repiblik Dominikèn apre otorite yo te arete yon bato nan Kanal Mona a, nan zòn ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko. Pami migran yo, te gen 7 Ayisyen ak 56 Dominiken. Bato a te gen 66 moun abò, pandan 3 lòt moun rete anba gad otorite federal ameriken […]Lire plus...
Plizyè fanmi desann nan lari byen bonè maten madi 20 oktòb 2026 la pou eksprime dezakò yo ak moun ki di y ap dirije peyi a kounye a. Selon pwotestatè sa yo ki nan kan deplase anndan Dèlma 33, kondisyon lavi yo pa bon, yo bezwen deplase kite espas sa a. Yo denonse gouvènman an […]Lire plus...
Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a siyen kontra plizyè milyon dola ak Eric Prince pou mèsenè vini. Plizyè milye sòlda melanje ak polisye sòti aletranje fè pati yon sèten Fòs Represyon Gang. Plizyè milye polisye ak militè ayisyen la pou asiste yo, depi anviwon 2 lane bagay sa yo ap pale, montay la toujou akouche yon […]Lire plus...
