Joseph Félix Badio prevwa plede non-koupab pou akizasyon ki peze sou li nan kad dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la. Se avoka li, William Barzee, ki fè demann lan ofisyèlman mèkredi 4 novanm 2026 la, pandan dezyèm konparisyon Badio devan jij Enjoliqué Aytch Lett nan tribinal federal Miami. Pwochen etap la se pral jijman li devan jij Jacqueline Becerra.
Sepandan, poko gen dat ki fikse pou pwosè a. Daprè jounalis Luckson St-Vil, jijman an ta ka fèt ane pwochèn.













