Daprè medya entènasyonal tankou AP ak CNN, Demokrat yo genyen pliske 51 syèj nan Sena a epi Repibliken yo nan 40 anviwon. Nan anpil Eta Ozetazini, se demokrat yo ki pran devan e yo anpil tou. Ni depite ni senatè domine chanm reprezantan an ak Sena a. Yon kou di pou administrasyon Trump lan ki pral pèdi kontwòl chanm yo sitou nan yon kontèks kote l ap peze akseleratè a nan sa ki gen pou wè ak politik etranjè.
Sanksyon sa a pèp ameriken an bay Donald Trump lan se sitou pou jan l ap jere ekonomi amerikèn an nan moman an ki pa nan avantaj yo.















