Pandan Alix Didier Fils-Aimé panse li ka kanpe kòm patwon operasyon yo an Ayiti, prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele montre l kòman otorite pran dezisyon e aji. Dènye mesaj Nayib Bukele a senp, li klè e li presi. San l pa nan voye wòch kache men, li dezawouve anpil nèg ak fanm nan peyi sa a k ap pwoteje gang e ki pa menm ka eseye fè yon operasyon kont gang yo. Bukele konnen pwofondè itswa Ayiti pi byen pase dirijan sousou pa nou yo.
Aprè plizye milye moun fin mouri, kidnape, kite peyi a, pèdi tout sa yo te genyen e menm kokobe akoz gang Bukele montre kriminèl yo pat janm gen valè vre.













