Aprè plizyè sitwayen te temwen yon elikoptè k ap louvri kout zam, prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pran lapawòl pou bay eksplikasyon sou entèvansyon militè sa a. Daprè deklarasyon Bukele a, se gang yo ki te lanse yon atak kont sòlda Tchadyen ki fè pati Fòs Represyon Gang yo (GSF). Se nan kontèks atak sa a sòlda salvadoryen yo ta entèvni rapidman avèk yon elikoptè atak pou repouse agresè yo. “Gang yo t ap atake sòlda GSF ki soti nan Tchad. Nou te rive rapidman epi nou te repouse atakè yo avèk elikoptè atak nou yo. Gang yo pa gen menm avantaj la ankò », se sa prezidan an fè konnen.
Entèvansyon sa a mete aksan sou patisipasyon sipò ayeryen Salvadoryen yo nan operasyon kont gwoup ame yo an Ayiti.













