Yon chajman anviwon 525 tòn materyèl militè ki soti Bangladèch ap antre an Ayiti atravè Repiblik Dominikèn, pou sipòte Fòs Represyon Gang yo (GSF). Materyèl yo gen ladan zam, ekipman militè, machin espesyalize ak lòt founiti pou operasyon sekirite yo. Almay te finanse transpò chajman an, pandan Repiblik Dominikèn te fasilite operasyon lojistik la. Nasyonzini salye kontribisyon otorite dominiken yo nan kad sipò entènasyonal pou misyon sekirite ann Ayiti.
Materyèl sa yo destine pou Fòs Repwesyon Gang yo, se pa yon ekipman ki voye espesyalman pou militè salvadoryen Prezidan Nayib Bukele yo.













