Majistra vil Okap la, Michel Saint-Croix, fè konnen fanm k ap frekante simityè vil la pandan 1e ak 2 novanm pa dwe mete ni ti jip kout ni bout pantalon twaka. Daprè majistra a, okenn fanm pa dwe pwofite okazyon sa a pou mete rad ki ekspoze pati entim kò yo pandan y ap vizite simityè a. Yon mezi ki riske lage gwo opozisyon nan vil la sitou nan kontèks sosyal peyi a ap viv la.
Pozisyon sa a antre nan kad dispozisyon otorite minisipal yo vle fè respekte pandan selebrasyon fèt Tout Sen ak fèt Mò yo, 2 dat kote anpil moun konn deplase pou rann omaj bay pwòch yo ki mouri.













